Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 7:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Konsa, mwen te wè pami moun sòt yo, e te rekonèt pami jenn yo, yon jennonm ki te manke bon sans;

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Mwen wè anpil jenn gason san esperyans nan lavi. Te gen yonn ladan yo menm ki te fin fou.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 7:7
24 Referans Kwoze  

Zye adiltè a tann lannwit rive; li di: ‘Zye p ap janm wè m.’ Li kouvri figi li.


Lè pawòl Ou antre, li bay limyè. Li bay bon konprann a sila ki senp yo.


Lalwa SENYÈ a pafè Li rekonfòte nanm. Temwayaj SENYÈ a vrè, k ap fè saj yo senp.


“Jiskilè, O moun san bon konprann yo, nou va renmen rete san konprann anyen? Pou mokè yo rejwi yo nan moke moun e moun san konprann yo rayi konesans?


Paske chemen kwochi a moun san konprann yo va touye yo. Kè kontan a sila ki plen foli va detwi yo.


Pou avèti san konprann yo e bay konesans ak pridans a jenn yo.


Sou lèv a moun ki konn disène, nou twouve sajès; men gen baton pou do a sila ki manke konprann nan.


Sila ki raboure tè li a va gen anpil pen; men sila ki swiv bagay san valè yo manke bon konprann.


Moun san konprann kwè nan tout bagay; men yon nonm k ap refleshi veye pa li yo.


Moun san konprann yo gen foli kon eritaj; men moun rezonab lan kouwone ak konesans.


Anplis, li pa bon pou gen gwo kouraj, san konesans, ni pou prese rive fè fo pa.


Frape yon mokè pou moun san konprann nan vin gen lespri; repwòch a yon moun bon konprann, va fè l genyen konesans.


Sila ki reflechi, wè mal e kache kò li; men ensanse yo antre ladann e jwenn pinisyon.


Mwen te pase nan chan parese a; akote chan rezen a nonm ki manke bon konprann nan.


Yon nonm ki saj wè mal e li kache kò l; men sila ki fou a avanse pou peye pri a.


Fis mwen an, fè atansyon a sajès mwen, apiye zòrèy ou vè bon konprann mwen;


Fis mwen an, swiv lòd a papa ou e pa abandone enstriksyon manman ou.


Sila ki fè adiltè ak yon fanm manke sajès; nonm nan ki fè sa a, detwi pwòp nanm li.


O moun ensanse yo, vin aprann pridans! Moun fou yo, vin konprann sajès!


Sila ki pa konnen anyen an, kite li antre isit la. Pou sila ki manke konprann nan, li di:


“Pou sila ki ensanse a, kite li antre isit la!” Pou sila ki manke bon konprann nan, li di:


“Paske, pèp mwen an rete nan foli. Yo pa rekonèt Mwen. Yo se timoun sòt ki pa gen konprann. Yo koken nan fè mal, men pou fè sa ki bon, yo pa konnen.”


Li te di: “Èske nou menm, nou toujou manke konprann nan?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite