Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Pwovèb 6:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Pou konbyen de tan ou va kouche konsa O parese? Se kilè ou va leve soti nan dòmi?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Parese, kilè w'a sispann pase tout jounen ou kouche sou do? Kilè w'a souke kò ou leve sot nan dòmi?

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 6:9
15 Referans Kwoze  

Pou rezon sa a Li di: “Leve, sila k ap dòmi an, Leve sòti nan lanmò E Kris va klere sou ou.”


Lave kè ou retire mal la, O Jérusalem, pou ou ka sove. Pou jiskilè panse mechan nou yo va rete anndan ou?


Veye sa a, nou menm ki ensansib pami pèp la; Kilè n ap konprann, nou menm ki bèt?


Fè sa, paske nou konnen lè a. Lè a rive pou nou leve nan dòmi, paske delivrans nou pi prè pase lè nou te kwè a.


“Jiskilè, O moun san bon konprann yo, nou va renmen rete san konprann anyen? Pou mokè yo rejwi yo nan moke moun e moun san konprann yo rayi konesans?


Te vin parèt yon nonm ke Bondye te voye ke yo te rele Jean.


Ale kote foumi, o parese. Veye abitid li yo e vin saj!


kon prepare manje li nan gran sezon an e ranmase pwovizyon li nan rekòlt la.


Yon ti dòmi, yon ti somèy, yon ti pliye men ou yo pou repoze;


Parès va voye yon pwofon somèy sou moun, e yon nonm ki pa travay, va soufri grangou.


Pa renmen dòmi, sinon ou va vin malere; ouvri zye ou e ou va satisfè ak manje.


Tankou pòt la vire sou gon li, se konsa parese a sou kabann li.


Moun ensanse a pliye men l e manje pwòp chè li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite