7 Alò, fis mwen yo, koute mwen, e pa bliye pawòl a bouch mwen yo.
7 Kounyeya, pitit mwen yo, koute m byen. Pa janm bliye sa m pral di nou la a.
Tande, O fis yo, enstriksyon a yon papa, e fè atansyon pou ou kab reyisi jwenn bon konprann,
Fè si ke nou pa refize Sila k ap pale a. Paske si sa yo pa t chape lè yo te refize li menm ki te avèti yo sou latè a, konbyen mwens nou va chape nou menm ki vire kite Sila ki avèti nou depi nan syèl la.
Alò, pou sa, fis yo, koute mwen e okipe pawòl a bouch mwen yo.
Pa kite yo vin disparèt devan zye ou; kenbe yo nan fon kè ou.
Fis mwen an, pa kite yo vin disparèt devan zye ou; kenbe bon sajès ak bon konprann.
Mwen pa t vire kite règleman Ou yo, paske se Ou menm ki te enstwi m.