Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Pwovèb 4:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Evite li, pa pase kote li; vire kite li e ale byen lwen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Pa fè sa, pa pran chemen sa yo menm. Refize fè tankou yo, fè chemen pa ou.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 4:15
12 Referans Kwoze  

Pa patisipe nan zèv tenèb ki pa janm pote fwi yo, men de preferans ekspoze yo.


e evite tout kalite mal.


Si ou retounen bò kote Toupwisan an, ou va restore, si ou retire inikite a byen lwen tant ou.


Si se inikite ki nan men ou, mete l byen lwen. Pa kite mechanste demere nan tant pa ou.


Rete lwen yon fo pwosè, e pa touye inosan an oswa moun ki dwat la, paske Mwen p ap jistifye koupab la.


Sila ki mache nan ladwati a e ki pale ak kè sensè a? Sila ki refize benefis lajan ki sòti nan enjistis la, e ki souke men l pou sa ki vèse anba tab pa rete nan yo; sila ki bouche zòrèy li pou l pa menm tande afè vèse san, e ki fèmen zye l pou l pa gade mal.


Chape tèt ou kon yon antilòp nan men a chasè, oswa zwazo a nan pelen moun lachas la.


Kenbe wout ou byen lwen li, e pa pwoche toupre pòt lakay li.


Pa antre nan chemen mechan yo, e pa avanse nan vwa malfektè yo.


Paske, yo p ap kab dòmi si yo pa fè mal; epi dòmi vin vòlè soti nan zye yo si yo pa fè lòt glise tonbe.


Fis mwen an, pa mache nan chemen avèk yo. Anpeche pye ou antre sou wout yo,


Pa fè anvi a moun mechan, ni dezire pou avèk yo;


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite