Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Pwovèb 29:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Yon nonm ki flate vwazen li ap ouvri filè pou pla pye li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Moun k'ap flate moun, se yon pèlen y'ap pare sou wout yo.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 29:5
18 Referans Kwoze  

Tande bagay sa a, O prèt yo! Prete zòrèy ou O lakay Israël! Koute byen, O lakay wa a! Paske jijman an se pou ou, paske ou te yon pèlen nan Mitspa e yon Filè ouvri sou Thabor.


Yo pale sa ki fo a youn lòt. Lèv flatè yo ak kè doub yo pale.


Nanpwen anyen stab nan pawòl pa yo. Anndan yo se pouriti menm. Gòj yo se yon tonm ki louvri. Yo fè flatè ak lang yo.


Sila ki enfòme kont zanmi li yo pou piyaj la, menm zye pitit li yo va vin gate.


Paske nou pa t janm vini avèk pawòl k ap flate moun, jan nou konnen an, ni avèk yon pretèks pou fè lajan (Bondye se temwen)


Paske moun konsa se esklav yo ye, pa a Senyè nou an, Kris la, men a pwòp apeti pa yo. Ak pawòl ki dous e flatè, yo desi kè a inosan yo.


Soti anwo, Li te voye dife antre nan zo m, e lap dominen yo. Li te ouvri yon pèlen pou pye m; Li te fè m vire fè bak. Li te fè m vin dezole, fèb tout lajounen.


Yon lang ki bay manti, rayi sila li kraze yo, e zèv a lang flatè a se dega.


Sila ki difame moun devwale sekrè; pou sa a, pa asosye ou ak moun ki mache bouch ouvri.


Ak anpil ankourajman, li atire li; avèk lèv a flatè, li sedwi li.


Pou li kab anpeche ou ale jwenn ak yon fanm adiltè; yon fanm etranje a ki fè flate ak pawòl li.


Anverite, se initil pou ouvri yon filè ak pen gaye devan nenpòt kalite zwazo;


Jan li kontan ak pwòp tèt li, li pa janm wè pwop peche pa l la.


Sila ki bay yon moun repwòch va jwenn plis favè pase sila ki fè flatè ak lang li an.


Konsa, sèvitè a Saül yo te pale pawòl sa yo a David. Men David te di: “Èske sa se yon ti bagay pou vin bofis a wa a, akoz mwen menm se yon nonm pòv e san pwa?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite