Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 27:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Tankou yon zwazo ki egare nich li, se konsa yon nonm ki mache lwen kay li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Yon moun ki lwen lakay li, se tankou yon zwazo ki byen lwen nich li.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 27:8
17 Referans Kwoze  

Konsa, Abraham te leve bonè nan maten. Li te pran pen avèk yon kwi dlo, e li te bay yo a Agar. Li te vin mete yo sou zepòl li, li te ba li jènjan an, e li te voye li ale. Li te pati e li te vwayaje nan dezè Beer-Schéba a.


Konsa, Cain te sòti de prezans SENYÈ a, e li te al rete sou teren Nod nan pati lès Eden an.


Alò, Farawon te di li: “Men kisa ou te manke avè m, ke konsa, w ap chache ale nan pwòp peyi pa ou?” Li te reponn li: “Anyen: men anverite, fòk ou kite mwen ale.”


Alò, li te rive la nan yon kav e li te rete ladann. Epi vwala, pawòl Bondye a te vini sou li, e Li te di li: “Kisa w ap fè isit la, Élie?”


Yon nonm egare ki kite chemen bon konprann nan, va jwenn repo nan asanble mò yo.


Tankou yon ti zwazo k ap sove ale, tankou yon ti iwondèl nan vòl li, se konsa yon madichon san koz p ap poze.


Moun vant plen rayi siwo myèl; men pou sila ki grangou, nenpòt bagay anmè vin dous.


Li va rive ke tankou zwazo k ap sove ale, oswa k ap gaye sòti nan nich yo, fi Moab yo va parèt kote pou janbe Arnon an.


Men Jonas te leve al kacheTarsis pou kite prezans SENYÈ a. Konsa, li te desann Joppa, e li te jwenn yon bato ki t ap prale Tarsis. Li te peye frè a, e te desann ladann pou ale avèk yo Tarsis pou l envite prezans SENYÈ a.


Chak moun dwe rete nan menm kondisyon ke li te resevwa apèl la.


volas lanmè sovaj yo, k ap kimen nan pwòp wont yo tout kalite lenpirite yo; zetwal erann pou kilès tenèb nwa a te rezève jis pou janmen.


Pwofèt la, Gad, te di a David: “Pa rete nan fò a. Sòti ale nan peyi Juda.” Konsa, David te sòti e te ale nan forè a nan Héreth.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite