6 Fidèl se blese a yon zanmi; men twonpri se bo a yon ènmi.
6 Zanmi rale zòrèy ou pou byen ou, men lènmi pase men nan kou ou pou woule ou.
Kite moun ladwati yo frape mwen. Konsa, li dous. Kite li korije mwen. L ap tankou lwil ki koule sou tèt la. Pa kite tèt mwen refize li, paske lapriyè mwen toujou kont zak mechan yo.
Sila ki kache rayisman an gen lèv k ap bay manti; e sila ki gaye difamasyon an se yon moun fou.
Kout fwèt ki blese fè disparèt mechanste; li frape rive nan pati pi fon yo.
Moun vant plen rayi siwo myèl; men pou sila ki grangou, nenpòt bagay anmè vin dous.
Sila ki bay yon moun repwòch va jwenn plis favè pase sila ki fè flatè ak lang li an.
Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou pou nou kapab pataje sentete Li a.
“Sila ke M renmen yo, Mwen reprimande e disipline yo. Konsa, se pou nou vin plen ak zèl, e repanti.