Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 27:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Yon nonm ki saj wè mal e li kache kò l; men sila ki fou a avanse pou peye pri a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l. Moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 27:12
12 Referans Kwoze  

Non SENYÈ a se yon sitadèl byen fò; moun ladwati a kouri ladann pou jwenn sekou.


Sila ki reflechi, wè mal e kache kò li; men ensanse yo antre ladann e jwenn pinisyon.


Sèvi ak sajès, fis mwen, e fè kè m kontan pou m kab reponn sila ki repwoche mwen an.


Pran vètman li lè l sèvi garanti pou yon enkoni, e pou yon fanm adiltè, kenbe mesye a menm kon garanti a.


Men lè li te wè anpil Farizyen avèk Sadiseyen ki t ap vini pou batèm nan, li te di yo: “Men yon bann vipè; kilès ki te di nou chape anba kòlè k ap vini an?


Pa lafwa Noé te avèti pa Bondye de bagay ki potko vizib yo, avèk respè, li te prepare yon lach pou sove tout lakay li. Pa sa, li te kondane mond lan, e li te devni yon eritye ladwati ki se pa lafwa.


Pouke pa de (2) bagay ki pa kab chanje yo, pa sila ke li enposib pou Bondye bay manti, nou menm ki te pran refij nan Kris la, nou genyen yon gwo ankourajman pou kenbe esperans ki plase devan nou an.


Men, pa pawòl Li syèl avèk tè ki la koulye a, ap rezève pou destriksyon avèk dife, yo kenbe pou jou jijman an ak destriksyon moun mechan yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite