Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 26:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Yon fwèt se pou chwal la, yon brid pou bourik la, ak baton pou do a moun ensanse a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Fwèt pou chwal, baboukèt pou bourik, baton pou do moun ki san konprann.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 26:3
10 Referans Kwoze  

Pa fè tankou cheval oswa milèt ki pa gen konprann menm, ki nan tout sikonstans, oblije gen brid ak bosal ki pou ralanti yo. Otreman, yo p ap vin kote ou.


Sou lèv a moun ki konn disène, nou twouve sajès; men gen baton pou do a sila ki manke konprann nan.


Yon repwòch antre pi fon nan moun bon konprann nan pase anpil kou sou yon moun ensanse.


Frape yon mokè pou moun san konprann nan vin gen lespri; repwòch a yon moun bon konprann, va fè l genyen konesans.


Gen desizyon jijman pou mokè yo; ak kou pou do a moun ensanse yo.


Malgre ou ta foule yon moun fou ak pilon jiskaske li fè poud, tankou sereyal byen kraze a, foli li p ap sòti sou li.


Kisa nou dezire? Èske mwen dwe vin kote nou avèk yon baton, oswa avèk lanmou avèk lespri jantiyès?


Konsa, nou prè pou pini tout dezobeyisans, lè obeyisans nou an fin ranpli.


Mwen te di nou oparavan lè m te la nan dezyèm fwa a, e byenke m pa la koulye a, mwen di davans a sila yo ki te peche nan tan pase yo e a tout rès moun yo tou, ke si m vini ankò, mwen p ap epagne pèsòn.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite