8 Yon moun ki fè plan pou fè mal, moun va rele li magouyè.
8 Lè yon moun tout tan ap kalkile jan pou l fè sa ki mal, y'ap rele l malveyan.
Malgre yo te anvizaje mal kont Ou, e te fòme yon konplo, yo p ap reyisi.
Yo vin Medizan, lènmi a Bondye, ensolan, awogan, ògeye, envantè a mechanste dezobeyisan a paran yo,
Èske sila ki fòmante mechanste a, pa egare? Men ladousè avèk verite se pou sa yo ki fè sa ki bon.
Yon kè ki divize plan mechan yo, pye ki kouri vit pou jwenn mal,
ki avèk pèvèsite nan kè l fè tout tan sa ki mal, ki gaye konfli.
Nan ou, te sòti yon moun ki te fè move konplo kont SENYÈ a, yon konseye mechan.
Pou vakabon an, zam li se mechanste. Li fòme plan mechan pou detwi moun aflije a ak kout lang, malgre sila ki nan bezwen an pale sa ki bon.
Fòmante foli se peche, e mokè a abominab a tout moun.
paske panse yo fòmante vyolans e lèv yo pale inikite.
Wa a te osi di a Schimeï: “Ou konnen tout mal ke ou rekonèt nan kè ou, ke ou te fè a papa m, David. Akoz sa, SENYÈ a va remèt mal sa a sou pwòp tèt pa ou.