3 Avèk sajès, kay la bati e avèk bon konprann, li vin etabli.
3 Bon konprann ap fè kay ou kanpe. Bon konesans ap fè l kanpe fèm.
Fanm saj la bati kay li, men fanm ensanse a demoli li ak pwòp men li.
Paske nou se ouvriye parèy avèk Bondye. Nou menm se chan Bondye a, kay la ke L ap bati a.
Sajès bati kay li a; li taye sèt gwo pilye li yo.
Menm jan ke nou te byen anrasine e kounye a, nou byen bati nan Li, e etabli nan lafwa nou, menm jan nou te enstwi a, plenn avèk remèsiman an.
Bondye te fè tè a pa pouvwa Li. Li te etabli lemonn ak sajès Li; ak konprann Li, Li te etann syèl yo.
Kite non Ou kapab vin resevwa glwa jis pou tout tan, pou di: ‘SENYÈ dèzame a se Bondye sou Israël la; epi pou lakay a sèvitè Ou a kapab vin etabli devan Ou.’