Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 24:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 paske yon nonm ladwati tonbe sèt fwa e leve ankò, men se nan lè gwo malè ke mechan an tonbe.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Paske, moun k'ap mache dwat yo te mèt tonbe sèt fwa. Pa pè, y'ap toujou leve ankò. Men, nan mechanste yo, mechan yo ap tonbe, yo p'ap ka leve ankò.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 24:16
30 Referans Kwoze  

Alò, yo te fè papa yo bwè diven nan nwit lan tou, epi pi Jèn nan te leve e kouche avè l. Epi li pa t konnen ni lè li te kouche a, ni lè li te leve a.


Konsa, yo te pann Haman sou wo etaj ke li te prepare pou Mardochée a e kòlè a wa a te vin bese.


Soti sis fwa, Li va delivre ou de twoub ou yo; Menm nan sèt fwa, mal la p ap kab touche ou.


Anpil, se afliksyon a moun dwat la, men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.


Se mechanste ki va touye mechan an. Sila ki rayi moun ladwati yo va kondane.


Lè li tonbe, li p ap voye tèt anba nèt, paske SENYÈ a se Sila ki kenbe men li an.


Men Bondye va kase fè ou desann nèt; Li va kenbe ou byen vit e chire fè ou sòti nan tant ou an, Epi dechouke fè ou sòti nan peyi vivan yo. Tan


Mechanste li va retounen sou pwòp tèt li, e vyolans pa l ap desann sou pwòp fwon li.


Fè remet a vwazen nou yo, sèt fwa antre nan vant yo, repwòch avèk sila yo te repwoche Ou a, O SENYÈ.


Yon mesaje mechan tonbe nan advèsite; men sila ki pote pawòl ak bòn fwa a, pote gerizon


Se malè ki kouri dèyè pechè yo; men moun dwat yo va pwospere.


Mechan an jete anba pa malfezans li; men moun ladwati a gen sekou lè l mouri.


paske, malè yo va leve vit. Kilès ki konnen destriksyon an k ap sòti nan yo de a.


Pou sa, malè li va parèt sibitman; nan yon enstan li va kase nèt; e li p ap gen gerizon ditou.


Tankou van lès, Mwen va gaye yo nèt devan lènmi an, Nan jou kalamite yo, Mwen va ba yo do m. Yo p ap wè figi M.


“Ou va di yo: ‘Konsa pale SENYÈ a, “‘Èske moun konn tonbe pou l pa leve ankò? Èske moun konn vire kite pou l pa retounen


“Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Yon gwo dezas! Yon dezas san parèy! Gade byen, l ap vini.


Li fin tonbe, li p ap leve ankò— Vyèj Israël la. Li kouche byen neglije sou tèren li; nanpwen moun ki pou leve l.


Menm jan pou sila ki sèmante pa peche Samarie a, ki di: ‘Jan dye ou a vivan an, O Dan!’ e ‘Jan chemen Beer-Schéba vivan an’; yo va tonbe e yo p ap leve ankò.”


“Men si nou pa fè sa, veye byen, nou te peche kont SENYÈ a, e fòk nou konnen ke peche nou va vin jwenn nou.


Imedyatman yon zanj Senyè a te frape l paske li pa t bay Bondye glwa. Konsa li te vin manje pa vè, e te mouri.


Pandan y ap di “Lapè ak sekirite”, alò destriksyon va vini sou yo sibitman, tankou doulè a yon fanm k ap fè pitit. E yo p ap chape.


Anplis, David te di: “Jan SENYÈ a viv la, asireman, SENYÈ a va frape li, oswa jou li va rive pou li mouri, oswa li va tonbe nan batay e peri.


Konsa, Saül te di a pòtè zam li an: “Rale nepe ou pou frennen m avè l; otreman, Filisten ensikonsi sila yo va vin frennen m nèt e fè spò avè m.” Men pòtè zam nan te refize, paske li te pè anpil. Pou sa Saül te pran nepe li e te tonbe sou li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite