Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Pwovèb 24:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Fis mwen, manje siwo myèl, paske li bon; wi, siwo sòti nan nich lan dous pou goute.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Pitit mwen, bwè siwo myèl, sa bon pou ou. Menm jan siwo myèl k'ap koule sòti nan gato myèl dous nan bouch ou,

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 24:13
12 Referans Kwoze  

Li va manje bòl lèt kaye ak siwo myèl nan lè Li gen konesans ase pou refize mal e chwazi sa ki bon.


Mwen te vini nan jaden mwen an, sè mwen, fi a maryaj mwen an. Mwen te ranmase lami mwen ak tout fèy awomatik mwen. Mwen te manje gato myèl ak siwo myèl mwen; mwen te bwè diven mwen ak lèt mwen. Manje, zanmi nou yo; bwè e vin sou ak lanmou!


Èske ou te jwenn siwo myèl? Manje sèlman kont ou, pou ou pa gen twòp pou vomi li.


Lèv ou, fi a maryaj mwen an, gen gou siwo myèl; siwo myèl ak lèt anba lang ou. Bon odè vètman ou tankou bon odè Liban an.


A la pawòl Ou yo dous nan gou mwen! Wi, pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen!


Yo pi chè pase lò, wi, pase anpil lò fen. Yo pi dous pase myèl, pase siwo a ki tonbe nan gato myèl la.


Alò, Jean li menm te gen yon rad fèt avèk pwal chamo avèk yon sentiwon fèt an kwi nan senti li. Li te konn manje krikèt avèk siwo myèl sovaj.


Li pa bon pou bwè anpil siwo myèl, ni li pa bon pou chache pwòp glwa pa w.


Pawòl agreyab se yon nich gato siwo myèl; dous pou nanm nan, ak gerizon pou zo.


Moun vant plen rayi siwo myèl; men pou sila ki grangou, nenpòt bagay anmè vin dous.


Konsa, li te fè yon grate lasi ak siwo myèl nan men li e li te fè wout li pandan li t ap manje. Lè li te vin kote papa l avèk manman l, li te bay yo, e yo te manje. Men li pa t di yo ke li te grate siwo a sòti nan kò lyon an.


Men Jonathan pa t ankò tande lè papa l te mete pèp la anba sèman an. Pou sa, li te lonje baton ki te nan men l lan, li te fonse li nan gato myèl la, li te mete men l nan bouch li e zye li te vin limen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite