1 Pa fè anvi a moun mechan, ni dezire pou avèk yo;
1 Pa anvye sò mechan yo. Pa chache fè zanmi ak yo.
Pran repo nan SENYÈ a, e tann Li ak pasyans; Pa twouble ou akoz sila ki reyisi nan chemen li an, Akoz nonm nan ki reyisi fè manèv mechan li yo.
Pinga ou gen anvi a yon nonm vyolan, ni pa chwazi chemen li yo.
Pa kite kè ou fè lanvi pechè yo, men viv nan lakrent SENYÈ a tout tan.
Sila ki mache ak moun saj va vin saj; men bon zanmi a moun ensanse a va soufri.
Paske mwen te gen anvi awogan yo, lè m te wè jan mechan yo te byen reyisi.
Pa twouble tèt ou akoz mechan yo. Pa vin pote lanvi pou malfektè yo.
Pa twouble tèt ou pou malveyan yo, ni fè lanvi pou mechan yo,
Pa retire nanm mwen ansanm avèk pechè yo, ni lavi m avèk mesye ki vèse san yo,
Beni se nonm ki pa mache nan konsèy mechan yo ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo,
Pa antre nan chemen mechan yo, e pa avanse nan vwa malfektè yo.
Evite li, pa pase kote li; vire kite li e ale byen lwen.