Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Pwovèb 23:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Pa deplase ansyen bòn nan, ni antre nan chan òfelen yo,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Pa janm deplase bòn tè kote yo te ye depi lontan an. Pa antre sou jaden ki pou timoun san papa.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 23:10
17 Referans Kwoze  

Pa deplase ansyen bòn ke papa zansèt nou yo te mete a.


Pa oprime ni vèv, ni òfelen, ni etranje, ni malere. Ni pa kite pèsòn nan nou panse mal nan kè li, youn kont lòt.’


‘Modi se sila ki deplase limit lizyè vwazen li.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.


Relijyon ki pafè e san tach devan zye a Bondye, Papa nou a se sa a: vizite òfelen e vèv ki nan nesesite yo, e kenbe tèt nou san tach de mond lan.


Konsa pale SENYÈ a: “Fè jistis ak ladwati e delivre sila ki te vòlè devan pouvwa sila ki te oprime l la. Anplis pa maltrete ni fè vyolans a yon etranje, òfelen an ak vèv la. Ni pa vèse san inosan nan plas sa a.


“Nou pa pou deplase lizyè tè vwazen nou, ke zansèt yo te etabli kòm eritaj nou ke SENYÈ Bondye nou an, ap bannou pou posede.


“Konsa, Mwen va vin kote nou pou jijman. Mwen va fè temwen byen rapid kont wangatè yo, kont moun adiltè yo, ak kont sila k ap fè fo temwayaj yo; kont sila k ap oprime ouvriye yo nan salè yo, vèv yo, òfelen yo, sila ki refize bay soutyen yo a etranje yo, ak sila ki pa gen lakrent Mwen yo,” pale SENYÈ, dèzame yo.


Paske si, anverite, nou korije chemen nou yo, ak zèv nou yo; si, anverite, nou pratike jistis antre yon nonm ak vwazen li,


Yo touye vèv yo avèk etranje a. Yo asasine òfelen yo.


Ou te voye vèv yo ale men vid e te kraze fòs a òfelen yo.


Konsa, ou ta menm tire osò pou òfelen yo e fè twòk pou zanmi ou.


Lòt yo sezi òfelen an soti nan tete a, e kont malere a, yo pran garanti.


Ou pa pou oprime okenn vèv, ni òfelen.


SENYÈ a va demoli kay moun ògeye a; men L ap etabli lizyè vèv la.


si nou pa oprime etranje a, òfelen an, oswa vèv la e pa vèse san inosan a nan plas sa, ni mache dèyè lòt dye anvè pwòp destriksyon nou,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite