10 Nanm a mechan an vle mal; vwazen li an pa twouve gras nan zye l.
10 Mechan toujou anvi fè sa ki mal. Yo pa gen pitye pou pèsonn.
Paske tout sa ki nan lemonn lanvi lachè a, lanvi nan zye yo, ak lògey lavi la pa sòti nan Papa a, men nan lemonn sa.
Pa kalkile mal kont vwazen ou pandan l ap viv an sekirite akote ou.
Paske jijman va san mizerikòd pou sila ki pa montre mizerikòd la, paske mizerikòd triyonfe sou jijman.
Alò, bagay sa yo te rive kòm yon egzanp pou nou, pou nou pa gen move lanvi jan yo menm te gen move lanvi a.
Sila ki fèmen zòrèy li a kri aflije a, va vin kriye pou kont li, men li p ap jwenn repons.
Moun mechan an vle pran piyaj a mechan yo; men rasin ladwati yo va donnen fwi li.
Li te bay ak jenewozite a pòv yo. Ladwati li dire jis pou tout tan. Kòn li va egzalte nan lonè.
L ale byen pou nonm nan ki gen mizerikòd e ki prete; Li va prezève koz li a nan jijman an.
Sou kabann li, li fè plan mechan; Li antre nan yon wout ki p ap sòti byen; Li pa rayi mal.
ki pran plezi nan fè sa ki mal e rejwi nan mechanste mal la.
Sila ki meprize vwazen li fè peche; men sila ki fè gras a malere a, beni.
Li pi bon pou viv nan ti kwen sou twati a pase nan yon kay ak yon fanm k ap fè kont tout tan.