8 Yon wa ki chita sou twòn lajistis fè tout mal sove ale ak pwòp zye l.
8 Lè yon wa chita sou fòtèy li, l'ap rann jistis, li wè sa ki mal ak sa ki byen.
Retire mechan an devan wa a, e twòn li an va etabli nan ladwati.
Yon wa ki saj va vannen mechan yo e fè wou moulen pase anwo yo.
Si yon wa jije pòv yo ak verite, twòn li va etabli jis pou tout tan.
Pwisans a Wa a renmen lajistis. Ou te etabli ekite. Ou te fè jistis ak ladwati Ou vin rive nan Jacob.
Gade byen, yon wa va renye ak ladwati e prens yo va renye ak jistis.
Se abominab pou wa yo komèt zak mechan, paske yon twòn etabli sou ladwati.
Paske gade byen, lènmi Ou yo, O SENYÈ, paske gade byen, lènmi Ou yo va peri. Tout moun ki fè inikite yo va gaye nèt.
Li va jije malere a pèp la. Li va fè sekou pou pitit a malere yo, e kraze opresè a an mòso.
Se tankou limyè maten lè solèy la leve, Yon maten san nwaj, lè zèb tounèf Vin sòti nan tè a nan solèy apre lapli.
“Sila ki pa pou Mwen an, kont Mwen; e sila ki pa ranmase avè M nan ap gaye.
Li te fè sal twòn kote li ta jije moun nan, sal jijman an, e atè a te kouvri avèk pano sèd soti nan yon bò pou rive nan lòt la.