Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 2:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Paske moun dwat yo va viv nan peyi a, e sila ki san tò yo va rete ladann;

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Paske se moun k'ap mache dwat yo ki pral rete nan peyi a. Se moun serye yo ki pral la.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 2:21
12 Referans Kwoze  

Te gen yon mesye nan peyi Uts ki te rele Job. Nonm sa a te san repwòch, dwat, te gen lakrent Bondye e te vire kite tout mal.


SENYÈ a te beni dènye jou a Job yo plis pase premye yo. Epi li te gen katòz-mil mouton ak si-mil chamo, ak mil bèf kabwèt ak mil femèl bourik.


Konsa, enb yo va fè eritaj peyi a. Yo va pran plezi yo nan reyisi anpil.


SENYÈ a konnen jou a sila ki dwat yo. Eritaj yo va dire jis pou tout tan.


Paske sila ke Bondye beni yo, va eritye peyi a, men sila ke Li modi yo, va vin koupe retire nèt.


Moun ladwati yo va eritye peyi a, pou viv ladann pou tout tan.


Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon. Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.


Konsa, malfektè yo va koupe retire nèt, men sila k ap tann SENYÈ yo, va vin genyen peyi a kon eritaj yo.


Paske SENYÈ a, Bondye a, se yon solèy ak yon boukliye. SENYÈ a va bay gras avèk glwa. Li pa refize anyen ki bon a sila ki mache dwat yo.


Moun ladwati a p ap janm souke; men mechan yo p ap demere nan peyi a.


Sila ki egare moun dwat la nan move chemen an va li menm tonbe nan pwòp fòs li; men sila ki san tò a, va gen bon eritaj.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite