Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 2:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 paske lakay li mennen a lanmò e tras a pla pye li yo rive kote mò yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

18 Si ou mete pye lakay yo, ou sou wout lanmò. Si ou ale lakay yo, ou pa lwen ale kote mò yo ye a.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 2:18
11 Referans Kwoze  

Lè li te wè ke plas repo sa a te dous, e tè a te fè l plezi, li te double zepòl li pou pote chaj yo, e li te devni yon esklav pou kòve.


Paske chemen kwochi a moun san konprann yo va touye yo. Kè kontan a sila ki plen foli va detwi yo.


Men mesye a pa konnen ke se la mò yo ye a. Vizitè li yo la. Yo nan fon Sejou mò yo.


Paske nou konnen sa byen klè, ke pa gen ni moun imoral, ni moun ki nan salte, ni moun ki gen lanvi nan kè yo, ni moun k ap sèvi zidòl, k ap gen yon eritaj nan wayòm Kris ak Bondye a.


Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”


Deyò se chen yo, majisyen yo, moun imoral yo, asasen yo, idolat ak tout sila ki renmen e ki gen pratik bay manti.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite