15 Chemen a sila ki vin kwochi yo e ki vin gaye kò yo nan tout sa yo fè.
15 Ou pa janm konnen kote ou ye ak moun sa yo, tout kò yo se plan.
Men pou sila ki vire akote pou chemen kwochi pa yo, SENYÈ a va mennen yo sòti avèk sila ki fè inikite yo. Ke lapè rete sou Israël.
Chemen a yon moun koupab kwochi; men pou sila ki san tach la, kondwit li dwat.
Konsa nou va san fot e inosan, pitit a Bondye ki san repwòch nan mitan a yon jenerasyon kwochi e pèvèti. Pami yo, nou vin parèt kòm limyè nan mond lan,
Yo te fè zak konwonpi anvè Li. Yo pa pitit li akoz defo yo. Yon jenerasyon pèvèti e kwochi,
Yo pa konnen chemen lapè, e nanpwen jistis nan yo. Yo te fè wout kwochi; nenpòt moun ki antre kote yo pa konnen lapè.
Tout pawòl a bouch mwen yo dwat; nanpwen anyen kwochi oswa pèvès ladann yo.
Sila ki mache nan ladwati a gen lakrent SENYÈ a; men sila ki fè chemen kwochi a meprize li.