Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 2:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 ki pran plezi nan fè sa ki mal e rejwi nan mechanste mal la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Se moun ki pran plezi yo nan fè sa ki mal. Se moun ki kontan anpil pou wè mechanste lòt moun ap fè.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 2:14
10 Referans Kwoze  

Fè mal se tankou fè spò pou moun san konprann nan; e se konsa sajès la ye pou moun entèlijan an.


Nanm a mechan an vle mal; vwazen li an pa twouve gras nan zye l.


Paske, yo p ap kab dòmi si yo pa fè mal; epi dòmi vin vòlè soti nan zye yo si yo pa fè lòt glise tonbe.


Ki dwa byeneme Mwen an genyen lakay Mwen an konsi li fin fè zak lèd ak anpil gason, epi chè sen an fin kite ou? Lè ou te fè mal sa a, konsa, ou te rejwi.”


Ak mechanste yo, yo fè kè wa a kontan, epi prens yo, ak manti yo.


Pou Kaldeyen yo, yo rale yo fè yo tout monte ak yon zen. Yo rale pote yo ale ak pèlen, e ranmase yo ansanm nan filè pwason. Se konsa y ap rejwi e fè kè kontan.


Nan jou sa a, ou p ap vin gen okenn wont pou zak avèk sila ou te fè rebèl kont Mwen yo; paske nan lè sa a Mwen va retire nan mitan nou, sila ki plen ak ògèy nou yo. Konsa, nou p ap janm vin awogan ankò sou mòn sen Mwen an.


Malgre yo konnen òdonans Bondye a, ke sila ki pratike bagay sa yo merite lanmò, yo non sèlman fè yo, men yo vin konplètman dakò avèk sila ki pratike yo tou.


Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite