Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 19:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Yon fo temwen pa prale san pinisyon; epi sila ki bay manti a, va peri.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Lè yon moun ap sèvi temwen nan tribinal, si li fè manti, yo gen pou yo pini l. Moun k'ap bay manti gen pou mouri.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 19:9
16 Referans Kwoze  

Lèv verite yo va etabli pou tout tan; men lang ki bay manti a rete pou yon moman.


Yon fo temwen pa prale san pinisyon; e sila ki fè manti a, p ap chape.


Yon fo temwen va peri; men sila ki koute verite a va pale ak letènite.


Yon fo temwen ki bay manti, ak yon moun ki gaye konfli pami frè yo.


Akoz nou te dekouraje moun ladwati a lè Mwen pa t fè yo trist; epi nou te ankouraje mechan an pou l pa kite mechanste li, pou l sove,


Konsa, wa a te pase lòd pou yo te mennen mesye sila ki te aji ak movèz fwa, pou akize Daniel yo, e yo te jete yo menm, pitit yo ak madanm yo nan fòs lyon an. Konsa, yo pa t menm rive nan baz fòs la avan lyon yo te sezi yo e te kraze tout zo yo.


Epi bèt la te vin kaptire, e avèk li menm, fo pwofèt ki te fè sign nan prezans li yo. Avèk sila yo li te twonpe sa yo ki te resevwa mak a bèt la, ak sa yo ki te adore imaj li yo. Toude sa yo te jete tou vivan nan lak dife ki brile avèk souf la.


Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”


Deyò se chen yo, majisyen yo, moun imoral yo, asasen yo, idolat ak tout sila ki renmen e ki gen pratik bay manti.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite