Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 19:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Sila ki twouve sajès renmen pwòp nanm li. Sila ki kenbe ak bon konprann nan va jwenn sa ki bon.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Si ou renmen tèt ou, chache gen konprann. Pa bliye sa ou te aprann, zafè ou va mache byen.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 19:8
17 Referans Kwoze  

Anplis, se pa yo menm ke sèvitè Ou a resevwa avètisman pou fè atansyon. Pou sila ki kenbe yo, gen gran rekonpans.


Sila ki bay atansyon a pawòl la va jwenn sa ki bon; beni se sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.


Poukisa gen kòb nan men moun ensanse a pou l achte sajès, konsi, li pa konprann anyen?


Yon fo temwen pa prale san pinisyon; epi sila ki bay manti a, va peri.


Paske sa va byen agreyab pou ou si ou kenbe yo anndan ou, pou yo toujou prè sou lèv ou.


Li se yon pyebwa lavi a sila ki pran l yo, e byen kontan se tout sila ki kenbe l fèm yo.


Fis mwen an, pa kite yo vin disparèt devan zye ou; kenbe bon sajès ak bon konprann.


Konsa yo va lavi pou nanm ou ak dekorasyon pou kou ou.


Pa kite yo vin disparèt devan zye ou; kenbe yo nan fon kè ou.


Alò, li te enstwi mwen e te di mwen: “Kite kè ou kenbe fèm a pawòl mwen; kenbe lòd mwen yo pou ou viv.


Pa abandone li e li va pwoteje ou; renmen li e li va veye sou ou.


Anplis, Mwen va bay nou yon kè tounèf e Mwen va mete yon lespri tounèf anndan nou. Epi Mwen va retire kè wòch la soti nan chè nou pou bay nou yon kè ki fèt ak chè.


Moun ki renmen vi li va pèdi l, e moun ki rayi vi li nan mond sa a va konsève li jiska lavi etènèl.


“Moun ki gen kòmandman Mwen yo, e kenbe yo, se li ki renmen M. E li menm ki renmen M, ap renmen pa Papa Mwen, e Mwen va renmen l epi va devwale M a li.”


Paske: “Sila ki dezire lavi a, pou renmen e wè anpil jou ki bon, dwe gade lang li kont sa ki mal e lèv li kont bay manti.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite