6 Pitit a pitit se kouwòn a granmoun, e glwa a fis yo se papa yo.
6 Pitit pitit se rekonpans granmoun. Manman ak papa se kontantman pitit.
Yon tèt blanch se yon kouwòn laglwa; li jwenn nan chemen ladwati a.
Yon bon moun va lese eritaj pou pitit pitit li; men richès a pechè yo konsève pou moun dwat yo.
Men pou koz David, SENYÈ a, Bondye li a, te ba li yon lanp nan Jérusalem, pou fè leve monte fis li apre li, e pou etabli Jérusalem.
Sepandan, se pa nan jou pa w yo ke M ap fè l, pou koz David, papa ou. Men m ap chire l nan men fis ou yo.
Joseph te wè twazyèm jenerasyon nan fis Ephraim yo, e anplis, fis a Makir yo, fis a Manassé a te fèt sou jenou a Joseph.
Israël te di a Joseph: “Mwen pa t janm sipoze ke m ta wè figi ou, e gade byen, Bondye kite mwen wè pitit ou yo tou.”
Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.
“Yon fis onore papa li, e yon sèvitè onore mèt li. Alò, si Mwen se yon papa, kote onè pa M nan? Epi si Mwen se yon mèt, kote respè M nan?” pale SENYÈ Dèzame yo a prèt yo ki meprize non Mwen an. “Men nou di: ‘Nan kisa nou te meprize non Ou an?’