Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Pwovèb 15:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Yon lang ki kalme se yon pyebwa lavi; men si l gen desepsyon, l ap kraze lespri.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Bon pawòl yon zanmi bay lavi. Men, move pawòl demanbre.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 15:4
15 Referans Kwoze  

Genyen yon moun ki pale san pridans tankou sila k ap goumen ak nepe yo; men lang a saj la pote gerizon.


Pawòl agreyab se yon nich gato siwo myèl; dous pou nanm nan, ak gerizon pou zo.


Pawòl a sila ki chichote pawòl nan zòrèy moun nan se tankou bonbon ki gen gou dous; se jis nan fon kò a yo desann.


Men pou nou menm ki gen lakrent non Mwen an, solèy ladwati a va vin leve ak gerizon nan zèl li. Konsa, nou va sòti deyò pou sote toupatou tankou ti bèf ki fenk sòti nan pak yo.


Li se yon pyebwa lavi a sila ki pran l yo, e byen kontan se tout sila ki kenbe l fèm yo.


Lespri a yon nonm kapab sipòte maladi; men nan ka lespri brize a, se kilès ki kab sipòte li?


“Sila ki gen yon zòrèy la, kite li tande sa Lespri a di a legliz yo. A sila ki venkè a, Mwen va kite l manje nan pyebwa lavi a ki nan Paradi Bondye a.


Si yon moun ap enstwi yon lòt doktrin, e pa dakò avèk bon pawòl sen, sila ki soti nan Senyè nou an, Jésus Kri, e avèk doktrin ki konfòm ak sentete a,


Pawòl a moun k ap chichote nan zòrèy moun nan, vin tankou bèl ti mòso delika. Yo desann rive jis nan pati pi fon kò a.


paske mwen aflije e malere. Kè m blese anndan m.


Zye a SENYÈ a tout kote; L ap veye sa ki bon ak sa ki mal.


Yon moun ensanse refize disiplin a papa l; men sila ki aksepte repwòch gen sajès.


Bouch a moun dwat se yon fontèn dlo lavi, men bouch a mechan an kache vyolans.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite