Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 14:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Yon temwen fidèl p ap bay manti; men yon fo temwen pale manti.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Yon bon temwen p'ap bay manti. Yon fo temwen p'ap di verite.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 14:5
15 Referans Kwoze  

Epi dèzòm sanzave te antre ladann e te chita devan li. Epi de mesye sanzave yo te fè temwayaj kont li, menm kont Naboth, devan pèp la, e yo te di: “Naboth te modi Bondye avèk wa a.” Konsa, yo te pran l mennen deyò lavil la e yo te lapide l jiska lanmò avèk kout wòch.


Ou pa pou fè fo temwayaj kont vwazen ou.


Ou pa pou pote yon fo rapò. Pa jwenn men ou avèk yon moun mechan pou devni yon move temwen.


Sila ki pale verite a pale sa ki dwat; men yon fo temwen twonpe.


Yon nonm dwat rayi sa ki fo; men zak mechan yo degoutan e fè gwo wont.


Yon vrè temwen sove lavi a moun; men sila ki pale manti pase moun nan betiz.


Kote nanpwen bèf, manjwa a pwòp; men se fòs a bèf la ki fè richès.


Yon mokè chache sajès, e li pa jwenn anyen; men konesans fasil pou sila ki gen bon konprann nan.


Yon fo temwen pa prale san pinisyon; e sila ki fè manti a, p ap chape.


Yon fo temwen pa prale san pinisyon; epi sila ki bay manti a, va peri.


Yon fo temwen ki bay manti, ak yon moun ki gaye konfli pami frè yo.


“Si yon temwen malveyan leve kont yon nonm pou akize li kòm malfektè,


e nan Jésus Kri, temwen fidèl la, premye ne de lanmò a, e chèf a wa latè yo. A Sila ki renmen nou an, ki te libere nou de peche nou yo pa san Li—


“A zanj legliz nan Laodicée a, ekri: Amen lan, Fidèl e Vrè Temwen lan, Kòmansman kreyasyon Bondye la, di konsa:


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite