Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 13:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Ranson pou lavi a yon nonm rich se richès li; men malere a pa tande menas.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Yon moun rich sèvi ak lajan l pou l sove lavi l. Moun ki pòv pa vle tande lè w'ap rele dèyè l.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 13:8
15 Referans Kwoze  

Konsa, li te mennen an egzil tout Jérusalem avèk tout kapitèn ak tout moun avèk gwo kouraj yo; di-mil kaptif, avèk tout mèt ouvriye ak tout sila ki konn fòme oswa fonn metal yo.


Men kapitèn gad la te kite kèk moun pami pi malere yo pou sèvi kòm ouvriye nan chan rezen yo ak pou raboure tè a.


Satan te reponn SENYÈ a. Li te di: “Chè pou chè! Wi, tout sa yon nonm genyen, li va bay pou lavi li.


Si yon aman ranson vin enpoze pou konsève lavi l, nenpòt sa yo mande, li va peye l,


Genyen moun ki pretann yo rich, men yo pa gen anyen; yon lòt pretann li malere men li gen gwo richès.


Limyè a moun dwat la se rejwisans; men lanp a mechan an va etenn.


Kouwòn saj yo se richès yo; men betiz moun ensanse se foli yo.


Li p ap dakò dedonmaje ak ranson, ni li p ap satisfè malgre ou fè li anpil kado.


Men kèk nan sila ki te malere nèt yo, ki pa t gen anyen yo, Nebuzaradan, chèf gad yo, te kite yo dèyè nan peyi Juda, e te bay yo chan rezen ak chan pou yo kiltive nan menm lè sa a.


Men dis nan mesye ki te pami yo te di a Ismaël: “pa mete nou a lanmò, paske nou gen depo ble, lòj, lwil ansanm ak siwo myèl ki kache nan chan an.” Akoz sa, li te ralanti e pa t mete yo ansanm ak zanmi parèy yo a lanmò.


Men Mwen va kite pami nou yon pèp ki aflije, ki malere, e yo va chache pwoteksyon yo nan non SENYÈ a.


Paske ki pwofi yon nonm ap twouve si li vin genyen tout lemonn, men li pèdi pwòp nanm li? Kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm li?


Paske lavi plis ke manje, e kò a plis ke vètman.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite