Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Pwovèb 11:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Lè sa ale byen ak moun dwat yo, vil la fè rejwisans; e lè mechan yo peri, gen gwo kri lajwa.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Lè sa mache pou moun serye, tout peyi a kontan. Konsa tou, lè mechan an disparèt, se lakontantman pou tout moun.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 11:10
14 Referans Kwoze  

Lè moun ladwati a gen viktwa, gen anpil glwa; men lè mechan yo leve tout moun kache kò yo.


“Se konsa pou kite tout lènmi Ou yo peri, O SENYÈ, men ke sila ki renmen Li yo vin tankou solèy k ap leve ak tout fòs li.” Konsa, peyi a te rete san boulvèsman pandan karant ane.


Lè mechan yo leve, pèp la kache kò yo; men lè yo peri moun dwat yo vin plis.


Pèp la va bat men yo sou li. Yo va sifle sou li kon koulèv, pou li kite plas li a.”


Marie te reponn yo: “Chante a SENYÈ a, paske Li egzalte byen wo. Cheval la avèk Mèt Cheval la Li te voye yo nan lanmè.”


Konsa, tout pèp peyi a te rejwi e vil la te vin kalm. Paske yo te mete Athalie a lanmò pa nepe a lakay wa a.


Avèk benediksyon a moun dwat yo, yon vil vin leve wo; men avèk bouch a mechan yo, li vin chire nèt.


Lè moun dwat yo vin ogmante, pèp la rejwi; men lè yon moun mechan gouvène, pèp la jemi.


Li te gade e vwala, wa a te kanpe akote pilye li nan antre a, e chèf yo avèk mesye twonpèt yo te akote wa a. Epi tout pèp peyi a te rejwi. Yo te soufle twonpèt yo e chantè avèk enstriman yo pou dirije lwanj lan. Athalie te chire rad li, e te di: “Trayizon! Trayizon!”


Tout pèp peyi a te rejwi e vil la te vin kalm. Paske yo te mete Athalie a lanmò avèk nepe.


Answit, syèl ak tè a ak tout sa ki ladann va rele fò ak jwa sou Babylone; paske destriktè yo va vin kote li soti nan nò,” deklare SENYÈ a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite