Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Pwovèb 10:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

32 Lèv a moun dwat yo fè parèt sa ki bon; men bouch a mechan an, sa ki pèvèti.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

32 Moun k'ap mache dwat konn bèl pawòl pou yo di. Men lang mechan yo, se kouto debò.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 10:32
13 Referans Kwoze  

Kè a moun dwat la reflechi anpil pou bay repons; men bouch a mechan an fè anpil move bagay vin parèt.


Genyen yon moun ki pale san pridans tankou sila k ap goumen ak nepe yo; men lang a saj la pote gerizon.


Pawòl a mechan yo kouche tann pyèj pou vèse san; men bouch moun dwat yo va delivre yo.


Avèk benediksyon a moun dwat yo, yon vil vin leve wo; men avèk bouch a mechan yo, li vin chire nèt.


pou pwoteje ou kont chemen mal la, kont lòm ki pale bagay pèvès yo.


Predikatè a te chache jwenn bèl mò pou ekri pawòl verite yo byen kòrèk.


Lang a saj la gen pou mèt, konnesans; men bouch a sila ki manke konprann nan eksprime foli.


rezonab ak pawòl ki san repwòch, pou sila ki opoze yo kapab vin wont, pou yo pa gen anyen mal pou di sou nou.


Akoz sa, O wa, ke konsèy mwen an kapab fè ou kontan: Sispann koulye a, peche ou yo. Ranplase yo ak ladwati, e inikite ou yo avèk montre mizerikòd a malere yo. Petèt konsa, kapab genyen yon pwolonjman trankilite ou.”


Pawòl ki soti nan bouch sila ki saj la plen ak gras, men pawòl a moun ensanse a fin manje l nèt;


Mete lwen de ou yon bouch manti e mete tout pawòl foub byen lwen ou.


Yon sanzave, yon moun mechan se sila ki mache ak yon bouch pèvès,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite