12 Rayisman pwovoke konfli; men lanmou kouvri tout fot.
12 Lè ou gen renmen nan kè ou, ou padonnen tout peche. Men, lè ou rayi moun, ou toujou ap chache kont.
Yon nonm ki kolerik pwovoke konfli; men sila ki lan nan kòlè a kalme yon kont.
Yon sanzave fòmante mechanste; pawòl li yo brile tankou dife wouj.
Sila ki kouvri yon transgresyon, chache lanmou; men sila ki repete yon koze, separe bon zanmi yo.
Yon nonm awogan ap pwovoke konfli; men sila ki mete konfyans nan SENYÈ a va pwospere.
Yon nonm an kòlè pwovoke konfli e yon nonm ki plen fachèz fè anpil tò.
Paske lèt k ap laboure vin fè bè, ak peze nen pote san; se konsa laboure kòlè pwodwi konfli.”
Kisa ki sous kont ak konfli pami nou yo? Èske se pa plezi nou yo k ap fè lagè nan manm kò nou yo?
fè li konnen ke sila ki detounen yon pechè soti de erè chemen li an, va sove nanm li de lanmò, e va kouvri yon gran kantite peche.
Anplis de tout bagay, rete fèm nan lanmou nou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon gran kantite peche.