Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Pwovèb 1:33 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

33 Men sila ki koute mwen an va viv ansekirite, e li va rete alèz san pè malè.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

33 Men, moun ki koute sa m di yo jwenn lasirans, y'a viv ak kè poze, yo p'ap bezwen pè anyen.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 1:33
22 Referans Kwoze  

Sila ki rete fèm nan panse li yo, Ou va kenbe nan lapè pafè, akoz li gen konfyans nan Ou.


Lè nou tande afè lagè, avèk boulvèsman, pa enkyete; paske fòk bagay sa yo rive avan, men lafen an poko ap rive.”


Nan lakrent SENYÈ a, gen gwo konfyans; e pitit li yo va jwenn sekou.


Paske pa mwen, jou ou yo va miltipliye, e ane yo ap ogmante sou lavi ou.


Pa pèseverans nou, nou va reyisi genyen lavi nou.


O ke pèp Mwen an ta koute Mwen, ke Israël ta mache nan vwa Mwen yo!


ki pwoteje pa pwisans Bondye a pa lafwa, pou yon sali ki prè pou revele nan dènye tan an.


Pandan Li t ap pale, vwala, yon nwaj byen briyan te kouvri yo. E konsa, yon vwa sòti nan nwaj la e te di: “Sa se Fis byeneme Mwen an. Avèk Li, Mwen byen kontan. Koute Li!”


Prete zòrèy nou e vin kote Mwen. Koute pou nou ka viv. Mwen va fè yon akò avè w k ap dire pou tout tan, selon mizerikòd fidèl ki te montre a David la.


Si sèlman ou te okipe kòmandman Mwen yo! Konsa afè ou t ap mache byen tankou yon rivyè, e ladwati ou tankou lam lanmè yo.


Nanpwen mal ki rive moun dwat yo; men mechan yo plen ak twoub.


Malgre yon pechè fè mal san fwa e mennen yon vi ki long, mwen toujou konnen ke sa prale byen pou sila ki gen lakrent Bondye yo, ki gen lakrent devan L yo.


“‘Se konsa ke nou va obsève règleman Mwen yo e kenbe jijman Mwen yo, pou akonpli yo, pou nou kapab viv an sekirite sou tè a.


“‘Konsa, tè a va donnen pwodwi li pou nou kapab manje vant plen, e viv an sekirite sou tè a.’”


Si yo tande e sèvi Li, yo va fè dènye jou yo nan abondans, e ane pa yo va ranpli ak rejwisans.


Epi zèv ladwati a va lapè, e sèvis ladwati a va kalm ak konfyans k ap dire jis pou tout tan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite