Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 9:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Alò, nan jou ke tabènak la te monte a, nwaj te vin kouvri tabènak la ak tant temwayaj la, e nan aswè, li te tankou aparans dife sou tabènak la, jis rive nan maten.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Jou yo t'ap moute Tant Randevou a, yon nyaj vini epi li kouvri tant kote Bwat Kontra a ye a. Lè aswè rive, ou ta di yon gwo dife ki te parèt anwo tant lan jouk nan maten.

Gade chapit la Kopi




Nonb 9:15
21 Referans Kwoze  

Avèk yon pilye nwaj, Ou te mennen pèp la pandan lajounen, e avèk yon pilye dife pandan lannwit, pou limen chemen yo sou sila yo ta dwe mache yo.


Ou menm, nan gran mizerikòd Ou, pa t abandone yo nan dezè. Pilye nwaj la pa t kite yo pandan lajounen, pou gide yo nan chemen yo, ni pilye dife a pandan lannwit, pou klere pou yo chemen an, e montre yo direksyon ke yo dwe ale.


Li te louvri yon nwaj kon kouvèti, avèk dife ki pou klere nan nwit la.


Apre, Li te dirije yo avèk nwaj nan lajounen e nan tout nwit lan avèk limyè dife.


SENYÈ a t ap prale devan yo nan yon pilye nwaj pandan lajounen pou mennen yo nan chemen an, e nan yon pilye dife pandan lannwit pou bay yo limyè pou yo ta kapab vwayaje lajounen, kon lannwit.


Li pa t retire pilye nwaj la nan lajounen, ni pilye dife a nan lannwit devan pèp la.


A la vèy nan maten, SENYÈ a te gade anba sou lame Ejipsyen yo, sou pilye a dife avèk nwaj yo, e Li te mennen lame Ejipsyen an nan yon gwo konfizyon.


“Nan premye jou mwa a ou va monte tabènak tant reyinyon an.


Alò, nyaj la te kouvri tant reyinyon an, e laglwa SENYÈ a te ranpli tabènak la.


Moïse pa t kapab antre nan tant reyinyon an, paske nyaj la te poze sou li, e laglwa SENYÈ a te ranpli tabènak la.


Paske pandan tout vwayaj yo, nyaj SENYÈ a te sou tabènak la nan lajounen, e li te gen dife ladann lannwit, devan zye a tout kay Israël la.


SENYÈ la va fè sou tout landwa Mòn Sion, ak sou tout asanble li yo, yon nwaj pa jou, lafimen a menm, epi eklere ak yon flanm dife pandan nwit la, paske sou tout glwa la, va genyen yon kouvèti.


Nwaj SENYÈ a te sou yo nan lajounen lè yo te kite kan an.


Konsa, yo va pale sa a sila ki rete nan peyi sila yo. Yo te tande ke Ou menm, O SENYÈ a, rete nan mitan pèp sa a. Paske Ou menm, O SENYÈ a, yo fè wè fasafas, e nwaj Ou kanpe sou yo; epi Ou ale devan yo nan yon pilye nwaj pandan lajounen ak yon pilye dife pandan lannwit la.


Konsa, Moïse te depoze branch yo devan SENYÈ a nan tant asanble a.


Paske mwen pa vle ke nou san konprann, frè m yo, ke tout zansèt nou yo te anba nyaj la, e yo tout te pase nan lanmè a.


ki te ale devan nou nan chemen an pou chèche yon kote pou nou fè kan, kòm dife nan aswè ak nwaj nan lajounen pou montre nou nan ki chemen nou dwe ale.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite