Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 8:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 “Sa se lòd ki aplike pou Levit yo: soti nan laj venn-senkan e plis, yo va antre pou fè sèvis nan travay a Tant Asanble a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

24 — Sa mwen pral di ou la a, se pou moun Levi yo: Depi yo rive laj vennsenkan y'a fè pati gwoup moun k'ap travay nan Tant Randevou a.

Gade chapit la Kopi




Nonb 8:24
16 Referans Kwoze  

Levit yo te kontwole soti nan trant ane oswa plis e fòs non pa yo selon gwo chif kontwòl la, te trant-uit-mil.


ansanm ak prèt ki te anrejistre pa zansèt yo selon lakay papa zansèt pa yo, e Levit yo soti nan laj a ventan oswa plis, selon devwa yo ak divizyon yo.


Men Levit yo va fè kan antoure tabènak temwayaj la, pou kòlè pa vin sou asanble fis Israël yo. Konsa Levit yo va kenbe chaj sou Tabènak Temwayaj la.”


soti nan trantan oswa plis jiska senkantan, ou va konte yo; tout moun ki antre pou fè sèvis, pou fè travay nan Tant Asanble a.


soti nan trantan oswa plis, menm jiska senkantan; tout moun ki antre nan sèvis pou fè travay a Tant Asanble a.


soti nan trantan oswa plis jis rive nan laj senkantan, ou va konte yo, yo chak ki antre pou fè sèvis Tant Asanble a.


soti nan trantan oswa plis, jis rive nan laj senkantan, tout moun ki te antre nan sèvis pou fè travay nan Tant Asanble a.


Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:


Men nan laj a senkantan, yo va pran retrèt nan sèvis travay la. Yo p ap travay ankò.


Kilès ki nan nenpòt tan ki sèvi kòm yon sòlda ak pwòp depans pa l? Kilès ki plante yon chan rezen e ki pa manje fwi li? Oubyen kilès ki bèje yon bann mouton e ki pa itilize lèt bann mouton an?


paske zam lagè nou yo pa nan lachè, men ranpli ak pwisans Bondye pou detwi barikad yo.


Lòd sa a mwen konfye a ou menm, Timothée, fis mwen an, ki an akò avèk pwofesi a konsènan ou menm ki te fèt deja, ke pa yo menm, ou te mennen bon konba a,


Mennen bon konba lafwa a. Kenbe fèm a lavi etènèl la pou sila ou te rele a, e te fè bon konfesyon nan prezans a anpil temwen yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite