Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Nonb 8:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Ou va fè Levit yo kanpe devan Aaron ak devan fis li yo pou prezante yo kòm yon ofrann balanse vè lotèl la bay SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Mete moun Levi yo apa tankou yon kado espesyal moun yo fè m. Mete yo sou zòd Arawon ak pitit gason l yo.

Gade chapit la Kopi




Nonb 8:13
7 Referans Kwoze  

Levit yo tou, te pirifye yo menm de peche e te lave rad yo. Aaron te prezante yo kòm yon ofrann balanse vè lotèl la devan SENYÈ a. Aaron, osi, te fè ekspiyasyon pou yo, pou fè yo vin pwòp.


epi Aaron va prezante Levit yo devan SENYÈ a kòm yon ofrann balanse vè lotèl la, soti nan fis Israël yo, pou yo kapab kalifye pou fè sèvis SENYÈ a.


pou m kapab yon sèvitè Jésus Kris pou pèp etranje yo, pou m fè sèvis kòm yon prèt pou levanjil Bondye a, jis pou ofrann mwen bay pèp etranje yo kapab vin akseptab, e byen sanktifye pa Lespri Sen an.


Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye.


Veye byen, se Mwen Menm ki te pran Levit parèy nou yo pami fis Israël yo. Yo se yon don pou nou menm, ki dedye bay SENYÈ a, pou fè sèvis tant asanble a.


“Alò, Levit yo va poze men yo sou tèt a towo yo, epi ou va ofri youn kòm yon ofrann peche, e lòt la kòm yon ofrann brile bay SENYÈ a pou fè ekspiyasyon pou Levit yo.


Konsa, ou va separe Levit yo soti nan fis Israël yo, e Levit yo va vin pou Mwen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite