Nonb 6:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen9 “‘Men si yon nonm mouri sibitman bò kote li, e li konwonpi tèt cheve ki se apa li a, alò, li va pase razwa sou tèt li nan jou ke li vin pwòp la.Li va pase razwa sou li nan setyèm jou a. Gade chapit la1998 Haïtienne9 Si yon moun rete konsa, li tonbe li mouri devan yon nazirit, devan yon moun ki t'ap viv apa nèt pou Senyè a san koupe cheve nan tèt li, nazirit lan ap twouve l nan kondisyon pou l pa ka sèvi Bondye ankò. Se pou l tann sèt jou anvan l'a nan kondisyon pou l ka fè sèvis Bondye ankò. Jou sa a, l'a koupe tout cheve nan tèt li. Gade chapit la |