Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Nonb 6:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 “Pale avèk fis Israël yo e di yo: ‘Lè yon nonm oswa yon fanm fè yon ve, ve a yon Nazareyen, pou dedye tèt li bay SENYÈ a,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 — Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo: lè yon gason oswa yon fanm fè ve espesyal, ve nazireyen yo, pou li konsakre tèt li nèt pou Senyè a,

Gade chapit la Kopi




Nonb 6:2
21 Referans Kwoze  

Paske, gade byen, ou va vin ansent e bay nesans a yon fis. Nanpwen razwa k ap vini sou tèt li. Paske gason an va yon Nazareyen pou Bondye depi nan vant. Li va kòmanse delivre Israël soti nan men a Filisten yo.”


Paul, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, aple kòm apot mete apa pou bòn nouvèl Bondye a,


ki pa bezwen chak jou, tankou wo prèt sila yo, ofri sakrifis, premyèman pou pwòp peche pa L e anplis pou peche a pèp la, paske Li te deja fè sa yon fwa pou tout, lè Li te ofri tèt Li a.


Men lè Bondye, ki te mete m apa depi nan vant manman m nan, e te rele mwen selon gras Li a, te kontan


Oswa, ki akò tanp Bondye a gen avèk zidòl yo? Paske nou se tanp a Bondye vivan an. Jan Bondye te di a: “Mwen va viv nan yo e mache pami yo. Mwen va Bondye pa yo e yo va pèp Mwen.”


“Paske li va gran nan zye Bondye. Li p ap bwè ni diven, ni gwòg; e li va ranpli avèk Lespri Sen an menm lè l toujou nan vant.


Sila ki izole pwòp tèt li, chache pwòp enterè l; bon jijman an pa anyèn devan l.


Konsa, mwen te konsakre li bay SENYÈ a. Pou tout tan ke li ta viv li konsakre a SENYÈ a.” Konsa, Samuel te adore SENYÈ a la sou plas.


Konsa, li te fè l konnen tout sa ki te nan kè li e li te di li: “Yon razwa pa t janm vini nan tèt mwen; paske mwen se te yon Nazareyen a Bondye soti nan vant manman m. Si cheve m vin taye; alò, fòs mwen an va kite mwen e mwen va devni tankou nenpòt lòt gason.”


“Pale avèk fis Israël yo pou di: ‘Lè yon nonm fin fè yon ve ki difisil, li va valorize selon valè moun nou ki apatyen a SENYÈ a.


Se konsa, nou va sen pou Mwen, paske Mwen, SENYÈ a, Mwen sen. Mwen te mete nou apa de lòt pèp yo pou nou kapab pa Mwen.


Paske kijan pèp sa ka konnen ke mwen te twouve favè nan zye Ou, mwen avèk pèp Ou a? Èske se pa lè ou ale avèk nou, ke nou, mwen menm avèk pèp Ou a, kapab distenge pami tout lòt pèp ki rete sou fas tè a?”


Paul, apre li te rete pandan anpil jou ankò, te kite frè yo pou te monte sou lanmè a pou rive Syrie, e avèk li te gen Priscille ak Aquilas. Nan Cenchrées li te fè yo pase razwa sou cheve tèt li, paske li t ap swiv yon ve.


Ankò, SENYÈ a te pale avè Moïse. Li te di:


Konsa, fè atansyon pou pa bwè diven, oswa okenn bwason fò, ni manje anyen ki pa pwòp.


Men yo te di: “Nou p ap bwè diven, paske Jonadab, fis a Récab la, papa nou, te bannou lòd e te di: ‘Nou p ap bwè diven, ni nou menm, ni fis nou yo jis pou tout tan.


“Osi, si yon fanm fè yon ve a SENYÈ a, e li mare li ak yon angajman lakay papa li, pandan jenès li,


Li pa dwe manje anyen ki sòti nan chan rezen, ni bwè diven, ni bwason fò, ni manje okenn bagay ki pa pwòp. Kite li swiv tout sa ke m te kòmande yo.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite