Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 6:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 epi yon panye gato san ledven fèt avèk farin fen, mele avèk lwil, ofrann sereyal, ak galèt san ledven kouvri avèk lwil, ansanm avèk ofrann pa yo, ak ofrann bwason pa yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 L'a ofri tou yon panyen pen san ledven: pen gwo mit fèt avèk farin frans melanje ak lwil oliv ak ti pen plat ak lwil pase sou yo, ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann diven ki mache ak yo.

Gade chapit la Kopi




Nonb 6:15
15 Referans Kwoze  

epi pen san ledven avèk gato san ledven. Mele yo avèk lwil, ak galèt san ledven ki kouvri avèk lwil. Ou va fè yo avèk farin fen.


Men sila ki ranmase li, se yo k ap manje li e louwe SENYÈ a. Sila ki rekòlte li yo va bwè li nan lakou sanktiyè pa Mwen an.


Mare senti nou ak twal sak e kriye fò, O prèt yo, Rele anmwey! O sèvitè a lotèl yo, Vin pase nwit lan ak twal sak, chèf sèvitè a Bondye mwen yo. Paske ofrann sereyal la ak ofrann bwason an p ap antre lakay Bondye nou an.


Ofrann sereyal ak ofrann bwason an vin kou pe soti lakay SENYÈ a. Prèt yo, sèvitè a SENYÈ a, ap lamante.


Kilès ki ka konnen si Li p ap repanti kite sa a, pou L kite dèyè Li yon benediksyon, menm yon ofrann sereyal ak yon ofrann bwason pou SENYÈ a, Bondye nou an.


“‘Alò, lè nou pote yon ofrann sereyal kwit nan yon fou, li va fèt avèk gato san ledven avèk farin fen melanje avèk lwil oubyen galèt san ledven ki kouvri avèk lwil.


Si li ofri li pou bay remèsiman, alò, ansanm avèk sakrifis remèsiman an, li va ofri gato san ledven mele avèk lwil, galèt kouvri avèk lwil, ak gato farin fen mele avèk lwil.


“Pran Aaron ak fis li yo avè l, avèk vètman yo, lwil onksyon an, towo ofrann peche a, de belye, ak panyen pen san ledven an,


epi yon bèf avèk yon belye pou ofrann lapè a, pou fè sakrifis devan SENYÈ a; e yon ofrann sereyal melanje avèk lwil: paske jodi a, SENYÈ a va parèt a nou menm.’”


epi ou va ofri kòm ofrann bwason, yon mwatye boutèy diven kòm yon ofrann pa dife, kòm yon odè ki bon a SENYÈ a.


“‘Alò, prèt la va prezante yo devan SENYÈ a. Li va ofri ofrann peche pa li a avèk ofrann brile pa li a.


Alò, konsa si nou manje oswa si nou bwè, nan nenpòt sa ke nou fè, fè yo tout a laglwa Bondye.


Paske tout tan ke nou manje pen sa a, e bwè tas sa a, nou pwoklame lanmò Senyè a jiskaske Li vini.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite