Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 5:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Konsa, prèt la va pran yon men plen nan ofrann sereyal la kòm ofrann tout moun sonje, li va ofri li anlè nan lafimen sou lotèl la, e apre, li va fè fanm nan bwè dlo a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

26 Apre sa, l'a pran yon ponyen nan farin lan, l'a ofri l bay Bondye, l'a boule l sou lotèl la. Se konsa l'a mete tout farin lan nèt apa pou Senyè a. Apre sa, l'a fè fanm lan bwè dlo a.

Gade chapit la Kopi




Nonb 5:26
5 Referans Kwoze  

Answit, li va pote li bay fis Aaron yo, prèt yo. Li va pran ladann de men plen nan farin fen ak lwil avèk tout lansan li an. Konsa, prèt la va ofri li nan lafimen kòm yon pati komemoratif la sou lotèl la, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.


Alò, prèt la va pran nan ofrann sereyal la, pati komemoratif la, e li va ofri li nan lafimen sou lotèl la kòm yon ofrann pa dife yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.


Li va pote li bay prèt la, e prèt la va pran men plen de li kòm yon pati komemoratif, pou ofri li nan lafimen sou lotèl la, avèk ofrann bay SENYÈ a pa dife. Li se yon ofrann peche.


Answit, li va leve soti de li yon men plen avèk farin fen ofrann sereyal la, avèk lwil li ak tout lansan ki sou ofrann sereyal la, epi li va ofri li anlè nan lafimen sou lotèl la, yon odè santi bon, kòm yon ofrann souvni bay SENYÈ a.


Prèt la va pran ofrann sereyal pou jalouzi a nan men fanm nan, e li va balanse li devan SENYÈ a pou mennen li vè lotèl la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite