Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 5:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Prèt la va pran ofrann sereyal pou jalouzi a nan men fanm nan, e li va balanse li devan SENYÈ a pou mennen li vè lotèl la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

25 Prèt la va pran ofrann farin lan nan men madanm lan, l'a balanse l devan Senyè a tankou yon ofrann, epi l'a mete l sou lotèl la.

Gade chapit la Kopi




Nonb 5:25
6 Referans Kwoze  

Ou va mete tout sa yo nan men Aaron ak men a fis li yo, e ou va balanse yo anlè tankou yon ofrann balanse devan SENYÈ a.


Answit, li te mete tout sa yo nan men Aaron ak nan men fis li yo, e li te prezante yo kòm yon ofrann balanse an lè devan SENYÈ a.


mesye a, alò, va mennen madanm li devan prèt la. Konsa, li va mennen kòm ofrann pou li yon dizyèm efa nan lòj moulen an. Li pa pou vide lwil sou li, ni mete lansan sou li, paske li se yon ofrann sereyal de jalouzi, yon ofrann sereyal pou sonje, pou pa bliye inikite.


Konsa, prèt la va fè fanm nan kanpe devan SENYÈ a, kite très cheve tèt a fanm nan vin desann, mete ofrann sonje a nan men li, ki se ofrann sereyal jalouzi a, pandan prèt la kenbe dlo anmè ki pote madichon an.


Epi li va fè fanm nan bwè dlo anmè ki pote madichon an, pou dlo ki pote madichon an kab antre nan li e li va fè l vin anmè.


Konsa, prèt la va pran yon men plen nan ofrann sereyal la kòm ofrann tout moun sonje, li va ofri li anlè nan lafimen sou lotèl la, e apre, li va fè fanm nan bwè dlo a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite