Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 5:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 (alò, prèt la va fè fanm nan fè sèman madichon an, e prèt la va di a fanm nan): “Ke SENYÈ a fè ou modi, yon madichon pami pèp ou a lè SENYÈ a fè kwis ou vin pouri pou disparèt, e vant ou vin anfle;

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 se pou Senyè a fè tout moun pran non ou sèvi madichon. Se pou li fè ou pa janm ka fè pitit. Se pou vant ou vin anfle.

Gade chapit la Kopi




Nonb 5:21
9 Referans Kwoze  

Ou va vin soufri yon maladi ki rèd, yon maladi zantray ou, jiskaske zantray ou vin sòti akoz maladi a.’”


t ap reyini ansanm avèk moun fanmi yo, chèf pa yo e t ap pran sou yo menm, sou nivo madichon, yon sèman, pou mache nan lalwa Bondye, ki te bay pa Moïse la, Sèvitè Bondye a, e pou kenbe ak obeyi tout kòmandman a Bondye yo, SENYÈ nou an, avèk òdonans Li yo avèk règleman Li yo;


Memwa a moun dwat la beni; men non mechan an vin pouri.


Ou va kite non nou kon yon malediksyon a moun chwazi pa Mwen yo, e Senyè BONDYE a va touye nou. Li va rele sèvitè Li yo pa yon lòt non.


Akoz yo menm, yon madichon va vin itilize pa tout egzile Juda ki Babylone yo, ki va di: “Ke SENYÈ a fè ou tankou Sédécias ak tankou Achab, ke wa Babylone nan te boukannen nan dife a,


Lè li fin fè li bwè dlo a, alò li va vin rive, ke si li te konwonpi tèt li, li pa t kenbe bòn fwa avèk mari li, ke dlo ki mennen madichon an kab antre nan li pou fè l vin anmè a, vant li va vin anfle, kwis li va vin pouri, e fanm nan va devni yon madichon pami pèp li a.


Konsa li te kòmanse bay madichon e te sèmante: “Mwen pa menm konnen nonm sila a!” Imedyatman, kòk la te chante.


Konsa, Josué te pase lòd sèman an nan lè sa a. Li te di: “Modi devan SENYÈ a se sila ki leve pou rebati vil sa a, Jéricho. Avèk pèt premye ne li yo, li va poze fondasyon li; avèk pèt denyè ne li yo, li va monte pòtay li yo.”


Alò mesye Israël yo te byen peze nan jou sa a, paske Saül te mete pèp la anba yon sèman, e te di: “Modi se mesye ki manje manje avan nwit lan, jiskaske mwen fè vanjans sou lènmi mwen yo.” Konsa, pa t gen nan pèp la ki te goute manje.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite