Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Nonb 35:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Vil yo va pou nou yon refij kont vanjè yo, pou sila ki touye moun nan pa mouri jiskaske li ta vin kanpe devan kongregasyon an pou jije.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Se la y'a pwoteje l anba fanmi mò a ki ta chache tire revanj mò a. Yo p'ap gendwa touye l toutotan yo pa jije l devan tout moun.

Gade chapit la Kopi




Nonb 35:12
10 Referans Kwoze  

Koulye a, gade byen, tout fanmi an gen tan leve kont sèvant ou an. Y ap mande m lonje ba yo sila ki te frape frè li a, pou nou kab mete li a lanmò pou lavi a frè l ke li te touye a, e vin detwi eritye a tou. Konsa, yo va etenn sèl chabon limen ki rete a, pou kite mari mwen san non, san rès sou fas tè a.”


Vil ke nou bay yo va sis vil nou yo pou azil.


Vanjè san an va, li menm, mete asasen an a lanmò. Li va mete li a lanmò depi li rankontre li.


“Men sa se kondisyon ka a moun ki kapab sove ale rive la pou viv: Lè li vin touye zanmi li san entansyon eksprè, san ke li pa t rayi li avan——


Otreman, vanjè san an ta petèt kouri dèyè sila ki touye moun nan, epi nan chalè kòlè li, rakontre l akoz distans lan twòp, e pran lavi li, malgre li pa t merite mouri, akoz ke li pa t rayi li avan.


“Pale a fis Israël yo e di: ‘Etabli vil azil ke M te pale ou pa Moïse yo,


Sila yo se te vil yo chwazi pou tout fis Israël yo, pou etranje ki demere pami yo, pou nenpòt moun ki touye yon moun san eksprè, kapab sove ale rive la e pa mouri pa men a vanjè san an jiskaske li vin kanpe devan asanble a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite