Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Nonb 35:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse nan plèn Moab yo akote Jourdain an anfas Jéricho. Li te di:

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Antan yo nan plenn Mowab yo, lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve anfas lavil Jeriko, Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:

Gade chapit la Kopi




Nonb 35:1
12 Referans Kwoze  

Fis a Israël yo te vwayaje pou te fè kan an nan plèn Moab yo, fin kite Jourdain an, anfas Jéricho.


Sa yo se kòmandman ak règleman ke SENYÈ a te kòmande a fis Israël yo pa Moïse nan plèn Moab yo akote Jourdain an, anfas Jéricho.


Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse nan plèn a Moab yo akote Jourdain an anfas Jéricho. Li te di:


Yo te mennen kaptif yo avèk bèt yo avèk sa yo piyaje yo bay Moïse ak Éléazar, prèt la ak bay kongregasyon fis Israël yo, nan kan nan plèn Moab la, ki akote Jourdain an anfas Jéricho.


Sila yo se sa ki te konte pa Moïse avèk Éléazar, prèt la, ki te konte fis a Israël yo, nan plèn a Moab bò kote Jourdain an, nan Jéricho.


“Men nan vil ki pou Levit yo, Levit yo gen yon dwa pèmanan pou peye ranson nan vil ki se posesyon pa yo.


Se konsa ke Moïse avèk Éléazar te pale avèk yo nan plèn Moab la, akote Jourdain an, anfas Jéricho. Di yo:


Sa yo se sila ke SENYÈ a te kòmande pou divize eritaj a fis Israël yo nan peyi Canaran an.


Kòmande fis a Israël yo pou yo bay a Levit yo soti nan eritaj a posesyon pa yo vil pou Levit yo rete ladan. Konsa, nou va bay a Levit yo teren patiraj ki antoure vil yo.


Konsa, fis Israël yo te fè jan SENYÈ a te kòmande Moïse la. Yo te divize teren an.


Epi chèf lakay a Levit yo te pwoche Éléazar, prèt la, ak Josué, fis a Nun nan, ak tèt lakay a tribi fis Israël yo.


Konsa, fis a Israël yo te bay a Levit yo vil avèk patiraj yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite