Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 34:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Konsa, fwontyè a va desann rive nan Jourdain an, e li va fini nan Lamè Sale a. Sa va peyi pa nou an selon lizyè yo ki antoure li a.’”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Fontyè a va swiv larivyè Jouden an pou l al bout sou lanmè Sale a. Men fontyè k'ap limite peyi nou an sou kat bò.

Gade chapit la Kopi




Nonb 34:12
10 Referans Kwoze  

Lot te leve zye li, e li te wè tout vale Jourdain an ke li te byen wouze. Sa se te avan SENYÈ a te detwi Sodome avèk Gomorrhe. Li te tankou jaden SENYÈ a, tankou peyi Égypte la lè ou ale vè Zoar.


Tout sila yo te vini nan yon alyans nan vale Siddim nan (sa vle di Lanmè Sèl la).


“Mwen va etabli bòn nou yo soti nan Lamè Wouj, jis rive nan lanmè Filisten yo, soti savann nan pou rive nan larivyè Lefrat paske Mwen va livre abitan peyi yo nan men nou, e nou va pouse yo ale devan nou.


Konsa pale Senyè BONDYE a: “Sa va sèvi kon lizyè ak sila nou va divize peyi a kon eritaj pami douz tribi Israël yo. Joseph va gen de pòsyon.


Konsa, fwontyè a va desann soti nan Schepham nan Ribla nan kote lès a Aïn nan. Epi lizyè a va desann rive nan pant sou kote lès a Lamè Kinnéreth la.


Konsa, Moïse te kòmande fis Israël yo. Li te di: “Sa se peyi ke nou gen pou separe selon tiraj osò pami nou menm kòm posesyon, ke SENYÈ a te kòmande pou bay a nèf tribi edmi yo.


“Pati sid la va rive soti nan dezè Tsin nan akote Edom. Lizyè sid la va kouri soti nan pwent Lamè Sale a pou ale vè lès.


Alò Josué te vin vye e avanse nan laj lè SENYÈ a te di li: “Ou vin vye e avanse nan laj e anpil nan tè a rete san posede.


Lizyè lès la te Lamè Sale a soti nan bouch larivyè Jourdain an. Epi lizyè bò kote nò a te soti nan lanmè a nan bouch Jourdain an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite