Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 32:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Men Moïse te di a fis Gad yo e a fis Ruben yo: “Èske frè nou yo va ale nan lagè, pou nou menm rete chita isit la?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Moyiz reponn yo: — Nou ta renmen rete isit la pandan lòt frè nou yo pral nan goumen?

Gade chapit la Kopi




Nonb 32:6
6 Referans Kwoze  

Urie te di a David: “Lach la menm avèk Israël avèk Juda ap rete nan tant yo; epi mèt mwen, Joab avèk sèvitè a mèt mwen yo ap fè kan nan chan louvri. Konsa, kijan mwen kapab ale lakay mwen pou manje bwè e kouche avèk madanm mwen? Pa lavi ou ak lavi nanm ou menm, mwen p ap fè bagay sa a.”


Yo te di: “Si nou twouve favè nan zye ou, kite peyi sa a vin bay a sèvitè ou yo kòm yon posesyon. Pa mennen nou lòtbò Jourdain an.”


Koulye a, poukisa nou ap dekouraje fis Israël yo travèse lòtbò a pou antre nan peyi ke SENYÈ a te ba yo a?


Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa.


Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.


Poukisa nou chita pami pak mouton yo pou tande kri a bann mouton yo? Akote kous dlo Ruben yo, te gen kè ki manke pran desizyon.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite