Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 30:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Nenpòt ve oswa nenpòt sèman pa sila li te mare tèt li a, mari li kapab aksepte li, oswa mari li kapab anile li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Yon mari gendwa dakò, konsa tou li gendwa refize dakò kite madanm li kenbe pawòl li, ni pou ve madanm li te pran an, ni pou pwomès li te fè a.

Gade chapit la Kopi




Nonb 30:13
13 Referans Kwoze  

Epi mwen te pwoklame yon jèn, akote rivyè Ahava a, pou nou ta kab imilye nou devan Bondye nou an pou chache soti nan Li, yon vwayaj sof pou nou, pitit nou yo ak tout byen nou yo.


Men pou mwen menm, lè yo te malad, rad mwen te vin twal sak; Mwen te imilye nanm mwen nan fè jèn, epi lapriyè m te kontinye retounen nan kè m.


Èske se jèn sa a ki fè kè M kontan? Yon jou pou yon nonm ta imilye li menm? Pou bese tèt li kon wozo, e gaye twal sak ak sann kon kabann anba l? Èske se yon jèn ke ou rele sa; menm yon jou k ap akseptab a SENYÈ a?


“Sa va yon règleman pou tout tan pou nou: nan setyèm mwa a, nan dizyèm jou nan mwa a, nou va imilye nanm nou. Nou p ap fè okenn travay, ni pou moun peyi a, ni pou etranje ki demere pami nou yo.


Nan dizyèm jou nan setyèm mwa sa a, se jou ekspiyasyon an. Li va yon konvokasyon sen pou nou. Nou va imilye nanm nou pou prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.


Fòk se yon repo Saba konplè pou nou, e nou va imilye nanm nou. Nan nevyèm jou mwa a nan aswè, nou va obsève Saba nou.


“‘Epi nan dizyèm jou nan setyèm mwa a, nou va fè yon konvokasyon sen, e nou va imilye nou. Nou p ap fè okenn travay.


Men si, vrèman, mari li anile yo nan jou ke li tande yo a; alò, okenn ve oswa angajman ki sòti nan lèv li, p ap kanpe. Mari li te anile yo. SENYÈ a va padone li.


Men si mari li, vrèman, pa di anyen a li menm de jou an jou; alò, li te aksepte li. Paske li pa di anyen a li menm nan jou ke li te tande yo a.


Men mwen vle nou konprann ke Kris se tèt a tout gason, gason se tèt a fanm nan, e Bondye se tèt a Kris la.


Paske, gason pa t kreye pou koz a fanm nan, men fanm nan pou koz a gason an.


Sispann refize youn lòt, eksepte pa akò pou yon ti tan, pou nou kapab konsakre nou nan lapriyè, e retounen ansanm ankò pou Satan pa tante nou akoz mank kontwòl tèt nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite