Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 3:45 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

45 “Pran Levit yo olye de tout premye ne pami fis Israël yo ak bèt a Levit yo olye bèt pa yo. Konsa, Levit yo va pou Mwen: Mwen se SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

45 — Pran moun fanmi Levi yo, mete yo apa pou mwen nan plas premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo. Epi w'a mete bèt moun Levi yo apa pou mwen tou nan plas premye ti mal bèt moun pèp Izrayèl yo va fè. Konsa, tout moun Levi yo va pou mwen. Se mwen menm ki Senyè a.

Gade chapit la Kopi




Nonb 3:45
7 Referans Kwoze  

Ou va ransone avèk yon jenn mouton premye pòtre a yon bourik; epi si ou pa ransone li, alò, ou va kase kou li. Ou va ransone tout premye ne nan fis nou yo. Pèsòn pa pou parèt devan M men vid.


Konsa, nou va konnen ke Mwen te voye lòd sa a bannou, pou akò Mwen an kapab kontinye ak Lévi”, pale SENYÈ dèzame yo.


Veye byen, se Mwen Menm ki te pran Levit parèy nou yo pami fis Israël yo. Yo se yon don pou nou menm, ki dedye bay SENYÈ a, pou fè sèvis tant asanble a.


“Alò, veye byen, Mwen te pran Levit yo pami fis Israël yo olye de chak premye ne, premye bebe a chak vant pami fis Israël yo. Konsa, Levit yo se pa M.


SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:


paske yo te vin pou Mwen nèt soti nan fis Israël yo. Mwen te pran yo pou Mwen menm nan plas a tout sila ki sòti nan vant yo, premye ne nan tout fis Israël yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite