Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 3:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Alò, devwa a fis Guerschon yo nan tant asanble a se te tabènak la avèk tant lan, kouvèti li, rido pòtay tant asanble a,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

25 Se yo ki te reskonsab kay Bondye a, ak de tant ki kouvri l yo, rido ki nan pòt devan Tant Randevou a,

Gade chapit la Kopi




Nonb 3:25
23 Referans Kwoze  

Konsa yo gen pou kenbe chaj sou asanble tant yo, chaj sou plas sen an e chaj sou fis Aaron yo, fanmi pa yo, pou sèvis lakay SENYÈ a.


Konsa, Ézéchias te apwente divizyon a prèt yo ak Levit yo pa divizyon pa yo, yo chak selon sèvis pa yo, prèt yo avèk Levit yo pou ofrann brile avèk ofrann lapè yo, pou fè sèvis e bay remèsiman avèk lwanj nan pòtay kan SENYÈ a.


Selon tout sa ke M gen pou montre nou, kòm modèl tabènak la, ak patwon tout mèb li yo, se konsa ojis ke nou va konstwi li.


Li te louvri tant lan sou tabènak la e li te mete kouvèti tant lan anwo li, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.


Alò, li te monte vwal pòtay tabènak la.


Men nou va chwazi Levit yo sou tabènak temwayaj la, sou tout zafè li yo ak tout sa ki apatyen a li menm. Yo va pote tabènak la avèk tout zafè li, e yo va okipe li; yo va osi fè kan antoure tabènak la.


Tabènak la te vin demonte, epi fis a Guerschon yo avèk fis a Merari yo, ki t ap pote tabènak la, te pati.


Chèf a lakay papa yo pami Gèchonit yo te Élaisaph, fis a Laël la.


Yo va ranpli devwa pou li ak pou tout kongregasyon an devan tant asanble a, pou fè sèvis tabènak la.


De kabwèt ak kat bèf, li te bay a fis Guerschon yo, selon sèvis pa yo,


Se tankou yon mesye ki sòti nan yon vwayaj ki kite kay li e mete esklav li yo responsab. Li te bay a chak moun, tach li, e osi a gadyen pòt la, pou l ta rete vijilan.


Epi di Archippe, “Byen okipe èv ke nou te resevwa nan Senyè a, pou nou kapab akonpli li”.


Lòd sa a mwen konfye a ou menm, Timothée, fis mwen an, ki an akò avèk pwofesi a konsènan ou menm ki te fèt deja, ke pa yo menm, ou te mennen bon konba a,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite