Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 29:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 anplis, ofrann brile a lalin nèf yo avèk ofrann sereyal li, ofrann brile ki fèt tout tan an avèk ofrann sereyal li, ofrann bwason pa li, selon òdonans pa yo, pou yon odè ki santi bon, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 N'a fè ofrann sa yo anplis ofrann bèt pou yo boule nan dife chak premye jou nan mwa yo ansanm ak ofrann grenn jaden ki toujou mache avèk yo a, mete sou ofrann bèt pou yo boule chak jou a ansanm ak ofrann grenn jaden ak bwason ki toujou mache avè l la. Se ofrann manje sa yo n'a boule nèt pou Senyè a. Se va ofrann k'ap fè Senyè a plezi ak bon sant yo.

Gade chapit la Kopi




Nonb 29:6
14 Referans Kwoze  

Yo te selebre Fèt Tonèl yo kon sa ekri a, e te fè fòs kantite ofrann brile ki te etabli chak jou yo, selon obligasyon chak jou ke òdonans lan egzije yo;


“Kòmande Aaron avèk fis li yo e di: ‘Sa se lalwa pou ofrann brile a: ofrann brile a li menm va retire nan fwaye lotèl la tout nwit lan jis rive nan maten, epi dife sou lotèl la va kontinye brile sou li.


alò, li va konte ke si sa fèt san entansyon, e san konesans kongregasyon an, ke tout kongregasyon an va ofri yon towo kòm yon ofrann brile, kòm yon odè ki bon a SENYÈ a, avèk ofrann sereyal pa li a, ak ofrann bwason li an, selon òdonans lan, ak yon mal kabrit pou yon ofrann peche.


sila ki prezante ofrann li an, va prezante bay SENYÈ a yon ofrann sereyal de yon dizyèm efa farin fen mele avèk yon ka lwil.


Nou va ofri yon ofrann brile pou yon odè ki bon a SENYÈ a: de jenn towo, yon belye, sèt mal mouton nan laj 1 nan;


epi ofrann sereyal avèk ofrann bwason pa yo pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn mouton yo, pa nimewo a yo selon òdonans lan;


epi ofrann sereyal pa yo, ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn mouton yo, selon nimewo òdonans lan;


Ofri yon mal kabrit pou yon ofrann peche, pou fè ekspiyasyon pou nou,


Ofrann pa li a se te yon plato fèt an ajan avèk yon pèz de san trant sik, yon bòl fèt an ajan a swasann-dis sik, selon sik a sanktyè a, tou de ki plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;


“‘Si yon etranje demere pami nou e li obsève Pak SENYÈ a, li gen pou fè l selon règleman a Pak la, ak selon òdonans li. Nou va genyen yon sèl règleman, ni pou etranje, ni pou natif peyi a.’”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite