Nonb 28:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen6 Li se yon ofrann brile tout tan ki te òdone nan mòn Sinaï kòm yon odè ki bon, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Gade chapit la1998 Haïtienne6 (Sa se ofrann pou yo boule nèt chak jou nan dife, ofrann yo te konn fè nan tan lontan sou mòn Sinayi a, tankou yon manje yo boule pou Senyè a, yon ofrann k'ap fè Senyè a plezi ak bon sant li.) Gade chapit la |
Gade byen, mwen prè pou bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye a, pou l dedye a Li menm, pou brile lansan santi bon devan L, pou plase pen konsakre tout tan e pou ofri ofrann brile ni nan maten, ni nan aswè, nan Saba avèk nouvèl lin ak nan fèt etabli a SENYÈ a, Bondye nou an, sila kòm egzije jis pou tout tan an Israël.