Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Nonb 27:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 ki va sòti e antre devan yo, ki va mennen yo deyò, e rale yo antre, pou kongregasyon SENYÈ a pa devni tankou yon mouton ki san bèje.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 yon nonm ki ka mache alatèt yo nan tout antre soti yo, pou pèp ou a, pèp Senyè a, pa rete tankou yon bann mouton san gadò.

Gade chapit la Kopi




Nonb 27:17
19 Referans Kwoze  

Yo te gaye akoz yo te manke yon bèje. Yo te devni manje pou tout bèt sovaj nan chan a, e yo te vin gaye nèt.


Lè Jésus te rive atè, Li te wè yon gwo foul. Konsa, Li te gen konpasyon pou yo paske yo te tankou mouton san gadò. Li te kòmanse enstwi yo anpil bagay.


Pou sa, li te di: “Mwen te wè tout Israël gaye sou mòn yo, tankou mouton ki san bèje. Konsa, SENYÈ a te di: ‘Sila yo pa gen mèt. Kite yo chak retounen lakay yo anpè.’”


Epi lè Li wè tout foul moun yo, Li te gen konpasyon pou yo, paske yo te dezole e dekouraje tankou mouton ki san gadò.


Paske zidòl lakay yo pale inikite; divinò yo k ap fè vizyon ki pa vrè, ke yo repete kòn fo rèv. Yo bay rekonfò an ven. Konsa, pèp la mache egare tankou mouton; yo aflije akoz yo pa gen bèje.


Koulye a, ban mwen sajès avèk konesans, pou m kab antre sòti devan pèp sa a, paske se kilès ki kab gouvène gran pèp Ou sa a?”


Li te di yo: “Mwen gen san-ventan daj jodi a. Mwen p ap ka ankò fè antre soti. SENYÈ a te di mwen: ‘Ou p ap travèse Jourdain sila a.’


Koulye a, O SENYÈ, Bondye mwen an, Ou te fè sèvitè ou wa nan plas a papa m, David, malgre mwen pa plis ke yon timoun. Mwen pa menm konnen kijan pou m antre ni kijan pou m sòti.


Pou sa Saül te retire David devan prezans li. Li te apwente li kòm kòmandan a yon mil lòm. Konsa li te sòti e antre devan pèp la.


pou nou menm tou kapab tankou tout lòt nasyon yo, pou wa nou kapab jije nou e sòti devan nou pou batay pou nou.”


Paske nou te toujou egare tankou mouton, men koulye a nou gen tan retounen a Bèje e Gadyen nanm nou an.


“Mwen se pòt la. Si nenpòt moun antre pa Mwen, li va sove e va antre, sòti pou twouve patiraj.


Men Li te reponn e te di: “Mwen te voye sèlman pou mouton pèdi nan lakay Israël la.”


Men pito ale vè mouton ki pèdi lakay Israël yo.


“Leve, O nepe, kont bèje Mwen an, e kont nonm nan ki byen pre M,” deklare SENYÈ dèzame yo. Frape bèje a pou mouton yo ka gaye; epi Mwen va vire men M kont jenn ti piti yo.


Konsa, li te reponn: “Mwen te wè tout Israël gaye sou mòn yo tankou mouton ki pa t gen bèje. Konsa, SENYÈ a te di: ‘Sila yo pa gen mèt. Kite yo chak retounen lakay yo anpè.’”


Avan, lè Saül te wa sou nou, se te ou menm sèl ki te mennen Israël antre, sòti. Epi SENYÈ a te di ou: ‘Ou va bèje pèp Mwen an, Israël e ou va yon chèf sou Israël.’”


Epi nou va antoure wa a, chak moun avèk zam li nan men l; epi nenpòt moun ki antre nan ran pa nou, yo va mete a lanmò. Epi rete avèk wa a lè l sòti ak lè l lantre.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite